Tout moun ka konstate absans Moïse Jean Charles sou beton an nan dènye manifèstasyon sa yo, daprè ti echanj ak kèk pwòch li men 5 pami rezon ki fè lidè Pitit Dessalines lan pa desann sou beton an.

1- Paske gen move zangi ki ap pran woulib sou lit pèp la.

Moïse Jean Charles wè Reginald Boulos, Dimitri Vorbe ak kèk lòt boujwa salòp pote boure sou batay pèp la, yap pran woulib pou mande Jovenel Moïse kite pouvwa a pandan se yo ki te vòlè eleksyon yo bay Jovenel an 2016.

Vrè rezon ki fè yap fè sa a se pa paske yo wè Jovenel paka retire pèp la nan mizè men paske Jovenel kanpe an kwa pou anpeche yo fè kòb nan move kondisyon sou do pèp la. Menm si nou pa renmen Jovenel, men sa ki pou li a fòk nou bay li.

2- Paske gen moun ki bezwen tranzisyon pou tete

Moïse Jean Charles gen bon enfòmasyon ke Reginald Boulos bezwen yon tranzisyon pou li ka likide 47 gwo bis ak 51 machin chinwa ki mouri nan menl paske moun yo refize achte yo, moun yo di machin chinwa sa yo pa bon, lèw fin achte yo aprè 3 mwa yo kòmanse kraze. Se sèl ak Leta Auto Plaza ap ka vann machin sa yo, Boulos bezwen yon tranzisyon pou vann machin sa yo paske Jovenel Moïse te refize fè Leta achte yo.

Boulos gen plizyè kay li bezwen lwe epi vann Leta fòl gen pouvwa pal poul fè sa. Li bezwen kòb sa yo pou fini Vilaj El Rancho a ki bloke paske l manke lajan.

San konte 2.4 milya goud li prete nan ONA a ke li pa vle peye, li peye sèlman sou 700 milyon goud li pran sou Nissan lan, men li refize peye kòb li pran sou non Delimart, Auto Plaza, El Rancho yo ak SFI yo.

San bliye Dimitri Vorbe ki bezwen Leta renouvle kontra 12 milyon dola pou blakawout la.

3- Paske gen moun ki pa vle pwosè Petro Caribe a fèt

Moïse Jean Charles wè anpil nan moun k ap fè pike devan yo, 3/4 nan yo enplike nan dosye Petro Caribe a tankou Reginald Boulos ki te benifisye plizyè milyon dola nan Petro Caribe lè Martelly tap achte ti Bis pou nèg lari chandmas yo, plis yon bann machin pou eleksyon 2015 yo, plis yon bann moto ak kit nan Delimart yo.

Youri Latortue ki tap jere tout kòb ki te debloke pou Latibonit pandan tout manda Martelly a.

Dimitri Vorbe ki te benifisye antou plis pase 900 milyon dola ameriken nan petro caribe pou vann Leta blakawout depi premye dekèsman Madam Duvivier Pierre Louis te fè a jous rive sou dènye a Privert fè a.

4- Paske gen lòt trafik k ap fèt anba anba

Chèf gang ki nimewo 1 nan vann katouch ak zam nan peyi a se Ti Ougan. Se pou Reginald Boulos Ti Ougan ap travay, nan moman sa la a tout katouch kap tire nan tout peyi a se Boulos kap fè trafik sa ak Ti Ougan. Se nan benefis yo jwenn nan vann katouch ki fè yo jwenn ase lajan pou kenbe peyi lòk la pandan tout tan sa.

Lè peyi a lòk li pa deranje Reginald Boulos, tout biznis li toujou ouvri, Delimart Clercine lan pa janm fèmen. Katouch li vann, se plizyè dizè milye bwat katouch Reginald Boulos ak Ti Ougan gentan vann nan peryòd peyi lòk sa. Se benefis la Boulos lage nan lari a pou kenbe peyi a lòk pou se sèl Delimart ki fonksyone kòm Makèt epi pou se sèlman Ti Ougan ki ka vann katouch.

5- Paske se kanpay ki kòmanse

Pandan peyi a lòk la se sèl gran bwasè tankou Reginald Boulos ki gen lajan nan menl, nan moman peyi lòk sa pandan tout aktivite fèmen, li pi fasil pou yon lidè politik achte moun, Boulos profite moman sa pou achte anpil lidè politik, anpil militan epi anpil sektè paske se Boulos ki Big Boss la.

Se Boulos kap finanse tout medya ki sou beton an, Radio Zenith jwenn 120 000 dola ameriken, Radio Mega jwenn 110 000 dola ameriken, Tele Pacific jwenn 150 000 dola ameriken anplis Boulos achte redaktè an chèr Le National la, Gary Victor, ki toujou nan gwoup Pacific la.

Pandan peyi a lòk, se Boulos kap benifisyel pou kanpay li paskel profite achte yon bann medya, yon bann sektè ak yon bann pèsonalite.

Gervens Jean
Militan Pitit Dessalines nan Delmas 17

Share